Home A la une Nòt pou Laprès / Ki souvni ou gen yen de Kompè Filo ?

Nòt pou Laprès / Ki souvni ou gen yen de Kompè Filo ?

71
0
SHARE

Nòt pou Laprès

Ki souvni ou gen yen de Kompè Filo ?

Eske w konnen 11 Mas se jou anivèsè Kompè Filo ? Eske w te konnen Kompè Filo te fèt nan Lopital Jeneral pandan nwit te apèn kòmanse (lè solèy la te fin kouche) vè 6 zè diswa konsa ?

Se poutèt sa, nap mande w konsakre 60 segond rekèyman nan jou kap 11 Mas la nan 6 zè diswa. Yon panse espesyal pou Kompè Filo !

Answit nap mande w pou pataje ak nou tout istwa, moman, foto ak lòt echanj ke w te gen yen ak Kompè Filo. Ou ka pataje tout souvni w yo  ak nou  sou paj Facebook MEDIA LAKAY : https://web.facebook.com/medialakayhaiti

Pandan tout mwa Mas la, nap mande w pou fè jefò pou plante yon pye bwa sitou pye Mapou. Ou byen ankouraje tout pwòch ou yo pou plante yon pye bwa nan nom Kompè Filo.

  • Kesyon : Kompè, ki jan ou ye ?
  • Repons: Nap kenbe. Ak granmèt la, nou anfòm. Atansyon, pa bliye sa grann te di nou !

Mèsi anpil e an nou selebre pasaj Kompè Filo sou tè sa a.

 

Marie Denise Pascal

Petite sœur de Kompè Filo

E-mail : medialakayhaiti@gmail.com

Téléphone / Wathsapp : 3710-2119