Home A la une Massacre du 18 Novembre 2018 versus crime contre l’humanité: démission du président...

Massacre du 18 Novembre 2018 versus crime contre l’humanité: démission du président de la république et saisine du Tribunal Penal Internationale/TPI

4
0
SHARE

Massacre du 18 Novembre 2018 versus crime contre l’humanité: démission du président de la république et saisine du Tribunal Penal Internationale/TPI

 Genyen 2 bagay fondamantal ki atire atansyon moun nan wikenn 18 Novanm 2018 sa : 1. Anpil, anpil moun konstate lapolis ak pouvwa a, bay kò lapolis ki rele USGPN nan, anpil gro materyèl, ekipman ak rad SNIPER konn mete yo. Anpil moun konstate tou polisye USGPN yo, fè anpil gro virewon nan katye popilè yo, nan jou sa yo. 2. Nan dimanch 18 Novanm Nan, anpil lòt moun konstate, nan divès kwen nan kapital la, genyen plizyè sitwayen (Jeen gason sitou), ki mouri ak yon sèl grenn katouch nan tèt yo. Kesyon ki ap poze, 1. Eske polisye USGPN sa a yo, se chèlbè yo tap fè ak abiman SNIPER yo mete a? 2. Eske yo te jwen lòd nan men chef pou yo te abiye konsa oswa, eske yo te genyen yon misyon espesyal? 3. Kisa sitwayen sa yo te fè ki merite lanmo sa a; Men kisa yo ta ka fè tou, ki merite nèg lach touye yo konsa? Sou okenn baz se pa posib. Ann gade konsekans la, Ki relasyon ki ta ka genyen ak sitwayen ki mouri ak grenn bal nan tèt yo, ak gro deplwaman USGPN / SNIPER sa yo nan dimanch 18 Novanm yo? Ann ta polisye SNIPER sa yo te genyen yon misyon byen espesyal vrèman 1. Eske DG lapolis la te okouran oswa ta dekonivans ak zak sa yo? 2. Kisa kòdònate USGPN nan ta genyen pou l di nan sa ? 3. Kisa prezidan peyi a, ta genyen pou l wè nan sa ? 4. Eske prezidan Jovenel pat okouran, osnon, eske prezidan an ta ka pa okouran? Ki wòl lajistis ak tribinal entènasyonal nan koze sa ? 1. Depi semèn pase a, anpil moun koumanse konprann, zak briganday kap fèt nan katye popilè yo (an patikilye moun kochon manje nan Lasalin yo), plis silans Leta ak gro medya yo, sanble tèt koupe ak yon plan byen moute pou masakre popilasyon an piti, piti. 2. Lè nou konsidere kantite moun ki mouri sèlman ak grenn katouch nan tèt yo, nan manifestasyon 18 Novanm 2018 yo, sanble konfime tou, plan yo byen monte pou te masakre popilasyon an. Sa ki ta vle di, lapolis ak tout SNIPER/USGPN yo, te genyen misyon yo klè kou dlo kòk. Kidonk, konstitisyon 1987 la ak Deklarasyon dwa moun Nasyonzini yo, rele sa : krim kont limanite a ? 1. Lè nou konsidere mòd fonksyonman jistis peyi a, anpil moun konpran epi dakò, sistèm jidisyè sa, pat konn bay epi paka bay pitit pèsònn nan fanmi sa yo timoso jistis. Kidonk, koze konsa ta dwe konsène tribinal penal entènasyonal ? 2. Si zak kriminèl sa yo ki fèt nan manifestasyon 18 Novanm nan, ta rantre nan kategori krim kont limanite yo, eske se polisye ki tire yo ki konsène sèlman; Kisa DG PNH la ; Kisa kòdònatè USGPN nan ; kisa Prezidan peyi a, ap genyen pou di devan tribinal penal entènasyonal la? Yon pwoblèm etik Si nou konsidere eleman ki site avan yo sèlman, poukisa yon prezidan konsa ak tout rès Zotobre Palmantè sa yo, ta dwe rete nan tet peyi a toujou? Ghemps Desauguste: Pour un complot social intelligent