Nòt pou Laprès
Ki souvni ou gen yen de Kompè Filo ?
Eske w konnen 11 Mas se jou anivèsè Kompè Filo ? Eske w te konnen Kompè Filo te fèt nan Lopital Jeneral pandan nwit te apèn kòmanse (lè solèy la te fin kouche) vè 6 zè diswa konsa ?
Se poutèt sa, nap mande w konsakre 60 segond rekèyman nan jou kap 11 Mas la nan 6 zè diswa. Yon panse espesyal pou Kompè Filo !
Answit nap mande w pou pataje ak nou tout istwa, moman, foto ak lòt echanj ke w te gen yen ak Kompè Filo. Ou ka pataje tout souvni w yo ak nou sou paj Facebook MEDIA LAKAY : https://web.facebook.com/medialakayhaiti
Pandan tout mwa Mas la, nap mande w pou fè jefò pou plante yon pye bwa sitou pye Mapou. Ou byen ankouraje tout pwòch ou yo pou plante yon pye bwa nan nom Kompè Filo.
- Kesyon : Kompè, ki jan ou ye ?
- Repons: Nap kenbe. Ak granmèt la, nou anfòm. Atansyon, pa bliye sa grann te di nou !
Mèsi anpil e an nou selebre pasaj Kompè Filo sou tè sa a.
—
Marie Denise Pascal
Petite sœur de Kompè Filo
E-mail : medialakayhaiti@gmail.com
Téléphone / Wathsapp : 3710-2119