Home A la une Ministè Kominikasyon akeyi Direktè Jeneral Ministè Touris ak Endistri Keyativ yo

Ministè Kominikasyon akeyi Direktè Jeneral Ministè Touris ak Endistri Keyativ yo

151
0
SHARE

Pòtoprens, lendi 26 jen 2017.- Nan konferans li òganize chak semèn nan « Lendi Laprès », Ministè Kominikasyon te resevwa, jounen lendi 26 jen 2017 la, Direktè Jeneral Ministè Touris ak Endistri Kreyativ yo, Mesye Andy Durosier (Anndi Diwozye) ki te gen ak li Kòmandan Polis touristik la (POLITOUR), Komisè Gary Verdilus (Gari Vèdilis), pou prezante direksyon Ministè Touris bay tèt li ak dispozisyon ki pran nan nivo sekirite touristik.

 

Direktè Jeneral Ministè Kominikasyon an, Mesye Calvin Cadet (Kalven Kadè), te demare konferans sila a. Li te montre enpòtans langaj moun ki soud epi ki bèbè yo genyen nan jan aktivite sa yo pou ka rive gen yon kominikasyon kote tout moun ladan l. Sa ki esplike prezans yon entèprèt langaj moun ki soud ak bèbè yo nan tout konferans Ministè Kominikasyon ap òganize.

 

Direktè Jeneral Ministè Touris la, Mesye Andy Durosier (Anndi Dirozye) te prezante objektif Gouvènman ap pouswiv nan sa ki konsène touris la. « Ogmantasyon kantite touris k ap vizite Ayiti, amelyorasyon òf touristik la, ogmantasyon pwofi ekonomik ak sosyal aktivite touristik la, estriktirasyon sektè a, konekte kominote lokal yo ak sektè touristik la », se objektif Ministè Touris bay tèt li pou senk (5) an manda Administrasyon prizan Jovenel MOÏSE (Jovnèl MOYIZ) la, selon Direktè Jeneral Touris la.

 

Pou Ministè Touris rive boulkle objektif sa yo, li gen nan plan li senk (5) pwen estratejik: « ranfòsman enstitisyonèl legal, ranfòsman ak fòmasyon pou Kad yo nan sektè a, ranfòsman patenarya prive-piblik, ranfòsman sekirite touristik la pa filyè POLITOUR, kontwole transpò touristik la nan peyi a », se sa Mesye Andy Durosier (Anndi Diwozye) te kontinye fè konnen nan deklarasyon l.

 

Anplis, Direktè Jeneral Touris la pwomèt pou li kore evenman Ministè Touris chwazi yo, patikilyèman fèt chanpèt yo, pandan l ap fè yon seri seyans fòmasyon nan domèn lijyèn, nan sa ki gen pou wè ak sante piblik ak nan sektè restoran an.

 

Bò kote pa l, Kòmandan Polis touristik la (POLITOUR), Komisè Garry Verdilus (Gari Vèdilis), te prezante misyon POLITOUR a ki se garanti sekirite nan sektè touristik la, fè ankèt sou ensidan ki rive nan sektè a. Komisè a te pwofite okazyon an pou l anonse POLITOUR pral mete ant 35 ak 50 ajan sou sa li gen deja. « Kontribye nan sekirite fèt chanpèt yo ak bay touris yo akonpayman, se kèk nan priyorite Polis Touristik la pou peryòd vakans lan », se sa Kòmandan POLITOUR a konfime.

 

Direktè Jeneral Ministè Touris ak Endistri Kreyativ yo renouvle angajman enstitisyon an, pou l fè pwomosyon pou sektè touristik la ki ka bay ekonomi peyi a gwo jarèt, jan Administrasyon Moïse (Moyiz) ak Gouvènman Lafontant (Lafontan) an swete sa.

Version française ?http://www.communication.gouv.ht/gouv/2017/06/26/les-lundis-de-la-presse-4-le-ministere-de-la-communication-accueille-le-directeur-general-du-ministere-du-tourisme-et-des-industries-creatives/