Home A la une Pouki sa ou pour, pouki sa ou kont eleksyon endirêk yo ki...

Pouki sa ou pour, pouki sa ou kont eleksyon endirêk yo ki dwe debouche sou desantralizasyon administrasyon piblik la ?

126
0
SHARE

Pouki sa ou pour, pouki sa ou kont eleksyon endirêk yo ki dwe debouche sou desantralizasyon administrasyon piblik la ?

Ki pi gwo sous travay  andedan yon kolektivite teritoryal?

Lè nou di travay, nou wê lajan pou  envesti,  nou wê travayè, nou wê tê, nou wê konpetans, nou wê sekirite,  nou wê sevis depatmanan’w lan  bezwen, pou pemet  kapitalis   envesti ak fê kob nan travay  yap kreye a, eske  nou jan’m kwê yon jou,  yon depatman ap janm reyini  tout  kondisyon de baz  sa yo?

Sa nou rele  desantralizasyon, sal vle di , nan lespri’nou? Sal dwe gen ladan’l ?

Sa yo rele  pouvwa l desantralize ? Sa yo rele  administrasyon desantralize?

An nou pran pouvwa desantralize a, koman  yon kolektivite teritoryal  ka ekzese pouvwa sa ?Ki oganizasyon politik, nou ka jwenn ladan’l, pou ekzese nap konte : Meri,kazek, asanble seksyon kominal,asanble minisipal,asanble depatmantal, konsey depatemantal.

Konbyen  pesonel, ou wê pouvwa politik desantralize a ka reyini  nan  peyi a?

An nou pran yon administrasyon desantralize, ki jan ou wê administrasyon   deantralize a,nan yon kolektivite teritoryal? Ki prensipal sevis  administrasyon sa   dwe  ofri, nan chak sektê aktivite yo? Nap konte la polis, travo piblik, netwayaj la ri, lekol, lopital,tribinal. Ki kantite  mounn   ou wê administrasyon desantralize sa, ka gen ladan’l ?,

Gen dekonsantrasyon tou, ki vle di, reprezantasyon  chak branch administrasyon leta santral  nan yon depatman , nan yon komin ak nan chak seksyon kominal. Koman nou wê relasyon ant pouvwa desantralize ak pouvwa  dekonsantre a?

ll fo  nan chak komin,gon oganizasyon ki fome, ki gen meri a, premye manm kazek la, 3 manm  nan azek  la, 3 manm nan asanble minisipal la, avek tout reprezantan pouvwa dekonsantre  yo, pou fome  yon asosysyon miks, ki la  pou kontwole  travay  ONG ak  reprezantan minister yo ap fè nan komin lan. Se komite  sa, kap konsevwa, etidye, apwouve, tout pwojè kap ekzekite nan komin lam.

Pou kazek yo fonksyone kom strikti politik, minister enteryê kalkile, yap bezwen  anviwon 280 milion de goud,  pa an, san yo ponkô rive  fonsyonel.Answit nou obsève gen  batay  toutan ant  kazek, asek, nan yon seksyon kominal.Si nou vle  mete   AM, AZEK, asanble   depatmantal,  avek tout pesonel yo,  nap bezwen,  konbyen kob,  ki nesesè, pou  fê komite  sa  fonksyone.

A pati de ekzesis sa, nap kalkile, konbyen kob  fonksyonman tout kolektivite teritoryal yo ap bezwen,  pou fê fonksyone desantralizasyon an.

Si tout sevis desantralize yo dwe  fonksyone, gen sevis ki pap ka  rete  sou kont lot minister, kote  yo te ye anvan sa  Koman nou wê sa ?

Pa ekzanp  Lapolis. Lapolis, ap gen pwop oganizasyon li, men lap gon chef  ki depann  de la meri,  nan komin lan, swa de kazek la nan seksyon kominal la.

Pou ogan polityk  sa yo fonksyone, fok, yo chak monte pwop administrasyon pa yo tou, sa vle di, pesonel chak oganizasyon sa yo, pral  gen yen,  ant  40  a  60  teknisyen espesyalize pou pipiti.Konbyen kob ou imajine  yap bezwen, kom bidjê, pou yo  fonksyone?

A pati de tout konsiderasyon sayo,  nou pral kalkile, konbyen kob   kom bidjè chak kolektivite teritoryal ap bezwen, pou yo fonksyone. Nou dwe  etidye egaleman  ki kote yap jwen kob pou peye pesonel nouvel adminstrasyon desantralize a.

Si  nan bidjè 2017-2018 la se etranje a, ki konplete  bidjê peyi a, eske  se  kominote entenasyonal la, nap mande  prete   lajan pou fê mache  570  asanble  seksyon kominal, 140 asanble  minisipal, 10 asanble depatmantal,  10 biwo konsey entêdepatmantal, jiskaske  chak kolektivite  reyisi antre kob, pou fè administasyon yo mache?

Avek eleksyon endirek yo, demokratikman palan, nou te ka di, se demokrasy  kap boujonnen.Konseye entedepatmantal, kap syeje  a ran de minis  nan konsey dê minis,ap tounen yon kont pouvwa nan nivo ekzekitif  la?  eske ekzekitif la, apo aksepte  yon kont pouvwa  nan jere peyi dayiti?

Eske nou kwê, sou ampriz konstitisyon 87  amande ou pa amande,pouvwa legislatif, ki anile jodia pouvwa ekzekitif la, ap aksepte CEP a vini ak eleksyon endirek, kap vinn retire en pe pouvwa nan  men senatê ak depite?

Eske nou poze tet nou kesyon, pouki sa Prezidan René Préval fê 2 manda nan 10 lane,  li pa janm panse vini ak pouvwa desantralize  kolektivite teritoryal yo?

Eske prezidan Jovnel moyiz, gen  enterê, poul fê pibliye rezilta eleksyon endirek yo nan jounal Le Moniteur?

Ki enpak, kreyasyon pouvwa desantralize a ka gen yen sou fonksyonman  konsey dê minis  oswa  ou  sou ONG   an ayiti?

Eske blan an ap dakô pou finance administrasyon desantralize a?

 

Ecrit par Michel WILLIAM le  28 juillet 2006 remanié le 17-19 juillet 2017

michelwilliam1000@hotmail.com

Source : https://www.michelwilliamnetrealite.com/pouki-sa-ou-pour-pouki-sa-ou-kont-eleksyon-endirek-yo-ki-dwe-debouche-sou-desantralizasyon-administrasyon-piblik-la/